En Direct | Premye Okazyon | 30 Janvier 2023

Premye Okazyon | 30 Janvier 2023
Présentation : Dieuseul GUERRIER, Pierre Renel RENÉ (PRR), Lydie ALEXANDRE & Johnny FERDINAND.
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).

Titres
1.- Bandi ak zam ki fè pati gwoup gang Vitelhomme Innocent ap dirije a kraze plat atè sou-komisarya Pernier lannwit samdi pou louvri dimanch la. Endividi ak zam yo itilize gwo materyèl lou pou kraze sou-komisarya aprè yo te deja mete dife ladan li. Pernier vin ajoute sou lis yon  seri zòn polisye yo kouri pou bandi tankou Matisan, Gran Ravin, Site Solèy, Lyankou ak Ti Rivyè Latibonit kote pa gen prezans polisye.

2.- Yon delegasyon wo  kòmandman PNH la ki te gen nan tèt li Frantz Elbé, te vizite lokal komisarya Petyonvil ayè dimanch la epi rann omaj ak polisye  ki te viktim yo nan moman yo t ap akonpli misyon yo nan zòn Metivye, 21 janvye pase a. Luc Eliezer, Gerald Occinal, Duckens Cejuste ak Rickens Staniclas, se non 4 polisye sa yo bandi te asasinen, nan komin Petyonvil.

3.- Se nan kontèks sa, Direksyon jeneral lapolis la anonse yon operasyon gwo ponyèt ki rele "Tornade 1" pou goumen kont bandi ak zam yo k ap teworize popilasyon an nan divès kwen andedan peyi a. Frantz Elbé  ki prezante senpati li bay fanmi ak pwòch 6 polisye ki mouri asasinen nan komin Lyankou yo bay asirans enstitisyon l ap  dirije a pap fè bak devan nèg ak zam yo k ap simen laterè nan peyi a. Nan sans sa, direktè jeneral PNH la mande ak tout polisye pou mete tèt yo ansanm pou pi byen asire sekirite popilasyon an.

4.- Sendika nasyonal polis ayisyen yo (SYNAPOHA) konfime otantisite yon dokiman k ap sikile sou rezo sosyo yo  tankou yon rapò sèvis ransèyman direksyon depatmantal polis latibonit la – SYNAPOHA egzije pou enspeksyon jeneral lapolis la ak lajistis tande prese prese direktè depatmantal la, Brice Myrtil,  pou vin bay eksplikasyon sou lanmò 6 polisye yo, konsa pou limyè kapab fèt sou zak sa. Nan rapo sa, sèvis ransèyman lonje dwèt sou 3 wo grade nan PNH la: 2 enspektè jeneral ak yon komisè divizyonè ki ta nan konplo atravè 4 gang ak zam ki te vize kreye kawo nan depatman latibonit la pou debouche sou asasina kòmandan senmak la ak direktè depatmantal latibonit la.

5.- Plizyè Polisye ak kagoul abiye ak inifòm epi an sivil melanje ak divès lòt moun nan mitan popilasyon an kreye yon gwo van panik nan vil Kap Ayisyen aprèmidi dimanch 29 janvye a. Polisye sila yo boule anpil Kawotchou, yo tire anpil katouch, kraze ansèy plizyè rèstoran sou boulva a. Mouvman sa te òganize non sèlman nan objektif pou denonse move jesyon CSPN nan ak wo kòmandman PNH la men tou pou mande jistis pou kòlèg yo bandi asasinen nan Latibonit ak nan komin petyon vil.

6.- 16 fanm ak yon tifi vyole nan prizon sivil gonayiv la, jedi 26 janvye pase a…  Grav ensidan sa a pwodwi nan moman evazyon ki te anrejistre nan sant kaseral 4e vil peyi a, ki twouve l nan ansyen baz MINUSTHA kote  anviwon  yon 20tèn prizonye...  Dieulivens Jules ap gen pou ba nou plis detay nan jounal la.

7.- Yon konsèy minis dewoule ayè dimanch la sou sitiyasyon sekirite peyi a – Poko gen twòp detay sou ansanm desizyon ki ta adopte ou non nan konsèy sa - Toutfwa nan yon mesaj pre-anrejistre li te pibliye, premye minis Ariel Henry, pran angajman pou akonapye fanmi polisye viktim yo.  

8.- Fas ak jan sitiyasyon an pouri la, sèl yon fòs etranje espesyalize k ap  kapab ede lapolis la retabli lòd, daprè denyè rapò sant analiz ak rechech nan zafè dwa moun nan. CARDH fè rekòmandasyon sa aprè li konstate sitiyasyon ensekirite jeneralize ki genyen nan peyi a lakoz  yon kriz imanite grav ak vyolasyon dwa moun ki pa ka kenbe ankò. Asasina an kaskad polisye yo, kidnapin nan ki chak jou ap ogmante, vyol fanm ak tifi, gang yo k ap  okipe plis teritwa chak jou. Tout zak sa yo konfime chak jou nesesite yon entèvansyon entènasyonal adape  pou akonpaye lapolis la, yon fason pou deloje gang yo epi ranfòse enstitisyon lapolis la.

9.- 77 eli demokrat ekri prezidan ameriken an pou filisite li poutèt li pemèt 30 mil Kiben, Ayisyen, Venezyelyen ak Nikaragwayen rantre  legalman sou teritwa ameriken an. Toutfwa palmantè yo mande ak Joe Biden pou redwi egzijans ekonomik yo fè ak parenn yo, sitou ak migran yo mande pou kouvri frè vwayaj yo.

Productions : Jean-Claude DOLCÉ.
Coordination : Peterson LUXAMA.
Rédaction : Dieuseul GUERRIER.
Réalisation & mise en ligne : Mysuel THIMOTÉE.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *